2–3 minutes
505 mots

Lang kreyòl la se yon gwo eritaj. Men nou kontinye pale l ak neglijans, ekri l jan nou vle, epi devalorize li nenpòt jan. Respekte lang manman ak papa nou se respekte tèt nou, kilti nou, ak jenerasyon k ap vini yo

Avatar de Dieudonné Joachim

Nan chèche sa ki pa pou nou, anpil fwa pye nou mare ak tout kalite pwoblèm. Epoutan, nou gen yon peyi ki ba nou yon lang, yon kilti, ak orijinalite pa l san fòs kote. Nou pa bezwen ale lwen pou sa, zouti a la deja. Se sèvi ak li kòmsadwa nan tout sikonstans. Epi bay lang manman nou, lang zansèt yo, tout enpòtans li merite, se yon obligasyon. Konsa n ap sispann machande respè.

Pale lang pa nou, jan nou dwe fè sa, ap rezoud yon pakèt pwoblèm nou pa ta sipoze. Konprann tou pale ak ekri kreyòl pa anpeche pèsonn pale tout lòt lang. Sa mande pou nou fè bon chwa ak tèt frèt depi nan sistèm edikasyon nou. Nan sans sa, li pi bon pou fòme timoun ak jèn ayisyen yo nan lang kreyòl la.

Nou menm ankò ap di kreyòl la, sèl lang gwo majorite ayisyen yo pale, Men yon lang, kèlkeswa peyi sou latè, se pou kominike, pou fè echanj, pou youn konprann lòt. Men sa mande  jefò nan tout domèn. Se pa sèlman travay yon ti gwoup. Se pare pou nou pare pou sa.

Nan sèvi ak pratike lang zansèt yo kite pou nou an, nou gen travay pa nou pou nou fè ladan l. Chak lang gen dinamik li. Sa vle di li toujou ap grandi, chanje, vin pi rich avèk anpil mo tou nèf… Se kapasite moun k ap sèvi ak lang lan k ap montre fòs pou nou pote nouvo mo, bèl mo ki chaje ak imaj pou rakonte istwa nou, enstwi zanfan yo, dekri sa nou santi, sa nou vle, sa nou pa vle…

Sa fè lontan n ap tande Ayisyen parèy nou k ap pale. Men depi l fè yon flay, li di w : « Se kreyòl m ap pale. » Kòmkwa lang zansèt yo pa gen gramè ak sentaks. Li ta pi bon pou nou sispann konpòtman prejije sa yo paske, san nou pa rann nou kont, n ap devalorize pwòp tèt nou.

Si w pa konn kijan pou pale lang lan oswa ekri l nòmalman, pa gen wout pa bwa, se aprann pou w aprann. Soti nan jounalis, atis, chantè, gwoup nan tout kategori, pou rive nan politisyen ak lidè nan diferan relijyon k ap lage jan yo pito nan kreyòl la, nou fè lang lan ak popilasyon an plis mal pase byen. Konpòtman sa yo rive jouk lòt bò dlo, kote menm etranje trete lang pa nou ak anpil neglijans.

Se yon mank respè pou tout yon pèp ak tout moun ki pale lang lan lè nou pèmèt nou ekri l oswa pale l nenpòt jan. Moun ki fè sa kite pòt louvri pou etranje vin pyafe sou fyète nou. Anpil Ayisyen, tankou mwen pa t aprann kreyòl sou ban lekòl. Li pa twò ta pou nou aprann pale ak ekri kreyòl. Ayisyen pale anpil lang. Nou ka fè sa pou tèt nou, pou peyi nou, pou zansèt yo… Konsa, n ap kite yon pi bon eritaj pou jenerasyon k ap vini yo!

Merci de commenter

Lire les commentaires

COMMENTAIRES DES LECTEURS ET LECTRICES

  1. Avatar de Gilbert Mervilus

    Cher Maestro, Ton texte est un véritable *cri de ralliement*, une charge héroïque contre l’immobilisme qui ronge notre dignité. Tu…

  2. Avatar de Erno Renoncourt
  3. Avatar de Erno Renoncourt
  4. Avatar de Nouvayti
  5. Avatar de Erno Renoncourt
  6. Avatar de Inconnu
  7. Avatar de Nouvayti

🚫Nouvayti bannit la fausse nouvelle (fake news), la désinformation, la diffamation, les discriminations, le racisme (lié à la couleur de peau, à l’origine ethnique, à la religion, etc.), l’incitation à la haine et à la violence sous toutes les formes.
Notre ligne de conduite est claire et précise.


Comment nos médias aident-ils les États-Unis à violer la souveraineté nationale?

La plupart des journalistes haïtiens volent souvent dans les plumes de leurs compatriotes politiciens. Cependant, jouer les durs face aux diplomates étrangers est un fait rarissime. Le pire, ils pratiquent une forme de journalisme qui encourage l’ingérence et, par conséquent, légitime le viol de la souveraineté d’Haïti. Dire cela n’est pas fort de café. J’explique.

Lire

Haïti n’a pas besoin de rattraper la République dominicaine

Les élites haïtiennes prônent l’économie de rattrapage en se basant sur les progrès de la République dominicaine. Comme si le rattrapage était automatique. Ce modèle ne peut pas constituer la meilleure voie vers le saut économique tant souhaité en Haïti. C’est d’autant plus plausible de nos jours, considérant la divergence technologique. Explications.

Lire

Lumières et forces convergentes…!

Haïti ne renaîtra ni par l’attentisme ni par les illusions confortables de la Matrice. Seules les lumières et forces affranchies, unies dans un projet de souveraineté et de reconstruction nationale, peuvent rompre le cycle séculaire d’inégalités, d’ignorance et de domination.

Lire

Le créole dans nos relations avec la CARICOM

La prédominance de l’anglais dans les instances et les négociations de la Communauté des Caraïbes (CARICOM) soulève la question de la représentation, de la participation et de l’identité des peuples caribéens. Une question qui dépasse le simple choix d’une langue de travail. Elle s’ouvre donc sur la construction d’une identité caribéenne inclusive.

Lire

Affaire Orélien : ignorance ou malhonnêteté intellectuelle?

Clou de l’affaire Orélien. Les Éditions du Boréal ont annoncé, dans un communiqué, le 21 octobre 2026, la fin de leur relation avec l’auteur de « C’était ça ou mourir ». Pour nous, qui commentons cette affaire de plagiat et d’usage d’intelligence artificielle, le principe de probité doit primer…

Lire

Les États-Unis accusent le Canada d’ingérence, mais s’ingèrent dans les affaires d’un tas de pays

Deux poids, deux mesures dans les discours et actions des diplomates des États-Unis. Les autorités étasuniennes n’acceptent pas l’ingérence dans leur vie politique, pourtant elles s’immiscent en profondeur dans les affaires internes de beaucoup d’autres pays. Au nom de la raison du plus fort.

Lire

Restituer la mémoire et réactualiser l’idéal de Dessalines

Après l’assissanat de Jean-Jacques Dessalines en 1806, personne n’avait le droit de prononcer son nom pendant quarante ans. Par ce processus d’effacement de sa mémoire, l’Occident colonial voulait mettre en déroute la Révolution de 1791-1804. Survol historique pour réactualiser l’idéal du père fondateur de la nation haïtienne au prisme d’un regard décolonial.

Lire

Un problème est survenu. Veuillez actualiser la page et/ou essayer à nouveau.

En savoir plus sur Nouvayti

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture